Manuel Mathieu: Soti nan Atizay rive nan Pafen - Yon Revolisyon Kreyatif
Posted on 03/13/2025
Manuel Mathieu, yon atis abstrè ayisyen-kanadyen, ap mennen atizay li nan yon nouvo direksyon. Apre li fin make non li nan mond penti, desen ak eskilti, li deside antre nan pafimri, kidonk nan fè pafen, kote li kreye yon mak ki charye eritaj ak kilti peyi dAyiti.
Nan prentan ane sa a, li ap lanse yon nouvo liy pafen sou entènèt ak nan boutik espesifik atravè lemond. Se premye pafen deliks pou yon kliyantèl limite ki konn apresye pafen kalite yon Ayisyen fè. Li fabrike an Grasse ak engredyan premye klas, an kolaborasyon ak yon moun ki gen ekspètiz nan pran sant ak konpoze pafen, sa yo rele jeneralman nen: Juliette Karagueuzoglou ki travay nan IFF nan vil Paris.
Nan entèvyou sa a, li pataje istwa li, eksperyans li nan mize entènasyonal, epi ki jan vetivè ayisyen an vini youn nan eleman prensipal nan konpozisyon pafen li yo. Li eksplike vizyon li sou fason atizay ka depase limit vizyèl epi tounen yon eksperyans sansoryèl konplè.
Al abone w sou www.manuelmathieuparfums.com pou w resevwa nouvèl sou lansman an an premye.
Instagram: @manuelmathieuparfums / @manuelmathieu